r
Un capois se fait voir
Comme dans les autres pays du monde, à Haïti aussi, il existe des dialectes. Je veux vous parler de notre langue maternelle qui est le créole. Par exemple, a Port-au-Prince, on dit « lakay mwen » mais a Cap-Haitien, cela se dit : « lakay am ». Cela permet à quelqu’un d’identifier facilement dans quelle ville réside la personne en question.
C’est ainsi qu’un homme, vraisemblablement qui vit Cap-Haitien, à écrit sur son blog un texte vraiment touchant. Il répond au nom de « Jean-Robert », malheureusement, je ne le connais pas de visage mais son texte parle pour lui.
Il y a trois choses que j’apprécie dans le texte : Premièrement, le texte dont je vous parle, est écrit en Créole haïtien et cela « nan kreyol nèg okap ». Il a essayé d’écrire dans la même façon dont il parle. Cela montre qu’il n’a pas peur de la discrimination.
Deuxièmement, il a essaye d’aborder un peu de tout en soulevant des questions vraiment importantes, et fondamentales. D’après moi, il cherche a satisfaire sa curiosité et aussi soulever la CONPREHENSION DES AUTRES mais ce n’est pas tout, il apporte aussi des solutions qu’on devrait en tirer.
La troisième chose, c’est le fait qu’il a attaqué la philosophie, en disant ce qui suit : « Pouki yon boutey pa anba likomanse plen ». A verite, je ne comprends pas pleinement ce qu’il veut dire. Franchement, la première fois que je lisais le texte, je lui pannais pour un fou mais à la fin du texte, Il a écrit qu’on devrait relire le texte si on ne comprend pas d’un seul coup.
Je considère ce blogueur comme un nationaliste et à partir de ce texte, il veut qu’il y ait du changement dans le pays tout entier.
Auteur : Paul Jean-rico
Voici le texte:
Se pa syans, se bon sans
Apre ou fin li sa, ou ka panse’m fou, men yon lòt ki itilize bon sans ka di nèg sa di kèk bon koze!
Poukisa yon boutèy se pa anba i kòmanse plen? Ou menm ki konnen gwo syans, ki save, ki abitye li gwo liv, w’ap chèche non kèk moun ki gentan mouri depi syèk pou site ak yon bann teyori ki pa gen plas yo nan sa m’ap pale la. Pandan w’ap chèche, mwen, m’ap poze yon kèk lòt kesyon: Poukisa yo pa vleòganize sa yo ki anba yo, deja seyo y’ap eksplwate pou yo rive? Konnya, ou kòmanse wè de kisa m’ vle pale wi… Byen! An’n kontinye… Poukisa nèg anba a tou, nou menm, nou pa chèche òganize tèt’an nou tou, eksplwate sa ke nou genyen ki bon ki fè y’ap soti jou’k anwo pou yo vin pran’y anba a nan men nou?
Bagay boutèy sa, menm mwen k’ap ekri la i vle twouble… an’n depoze boutèy la. Sa m’ ta vle konnen, poukisa nou menm, ke vire tounen y’ap eksplwate pa ankouraje tèt’an nou pou nou pa bezwen tann se lòt moun k’ap ban nou? Ou chita, w’ap tann lamàn, w’ap tann viza, w’aptann rezidans, w’ap tann transfè,w’ap tann yon nèg, w’ap tann yon fanm… E si’w t’èy lekòl, aprann yon bagèy? E si, olye w’ap tann yon moun pase men pran’w, ou leve kanpe ou chèche pou tèt’òw? Pou valè bagèy pozitif ki genyen, m’ pa kwè se sèlman negatif yo ou ka fè non ou menm ki panse lè’m dileve kanpe a, se kidnapin, zenglenndo, vòlò… m voye’w fè! Wi, m’ konnen pa gen ase lekòl pwofesyonèl, pa genyen sesi, pa genyen sela… m’ konnen sa deja,men e sa yo ki la yo? Poukisa ou pa eseye menm gade wè sa yo ka ofri’w? Gade pa boule je! Chita ap tann woulib, poukisa oupa kòmanse mache?
Moun ki gen mayòt la nan men yo ap di peyi a bezwen moun ki pou envèsti… ou panse lè moun sa yo vini, se moun ki pa te fè 2 jou kay Koyo a se moun sa l’ap mete nan travay la? E lè yo vin envèsti a, ou panse se kote sal sayo nou refize netwaye a y’ap vle rete? Ou pa wè lè yo pran yon timoso kote, yo fè’y sanble yon paradi modèn epi yo di Ayisyen pa pwoche? Wi, m’ap pale de Labadee menm… An nou kite sa!M’ap sonje Brezil te vin bat nou nan stad Pòtoprens la, poukisa yo pa te rete dòmi an Ayiti se Sen Domeng yo t’èy dòmi menm? Se plas ki pa te genyen nan otèl nou yo? M’ pa kwè non, m plis panse se paske yo konnen nou toujou ap goumen ak pwòp frè nou: si se pa politik,se kidnapin, se paske sila milat lòt la nwa, si se pa paske sila ap mache nan legliz sesi, lòt la se nan bal… sa’k pou te di nou pa t’aprèy vide boulèt sou yo tou? Ou panse si nou toujou rete nankraze brize sa, y’ap vin mete konpayi pakèt kòb yo la? Ou pa pran swen de sa ou genyen epi ou anvi yo vin mete bagay nèf? AHHH se konsa pil fatra’w me wotè epi w’ap tann touris vin vizite? Wi, leta pa fè travay’èy, e ou, ou fè kinòw? Oh, bon w’ap lage bout mamit nan lari a, sachè fatra’w nan men’w ou lage’y kote’w vle epi w’ap di ou inosan? Nan yon lari tout moun ap pase ou kanpe ou pise, madanm nan ranje wòb’èy dèyè yon machin pou li grennen pise…Plas pou moun fè lapwomnad, tout sal… Tout kote istorik pou moun ta k’èy vizite tounen lòjman pou moun fou ak moun k’ap dòmi nan lari! Zansèt nou yo te bati yon bann fò, nou te kanetwaye yo wi pou moun vizite olye se latrin nou fè yo tounen… Ou pa wè lè yon moun pwòp, i mèt lèd, i atire moun sou li? Wi, gen lòt bèl kote, m’ konnen chaje… e kan kote ki sal yo pi plisla?
Kontinye voye timoun yo lekòl mezanmi. Edikasyon se kle ki ka ouvri anpil pòt! Kontinye kiltive sa nou genyen lakay nou ki bon.Eksplwate sa ki pozitif nan kilti nou. Sispann gade lòt sou aparans, sispann meprize, diskrimine, maltrete pwòp frè nou… An’n leve pye nou pou nou soti nan twou yo di nou ye a. Leve, fè pou tèt’òw… pa tann yo fè pou ou, gade pito sa ou kafè. Nèg w’ap tann ki pou vin fè pou ou a, ka se yon lòt l’ap tanntou. An nou kite negatif yo tonbe pou nou avanse.
Si lè ou fin li tèks sa, ou kapte sèlman ke m’ pale kon nèg Okap, konnen konsyans ou pokotouche. Reli’y ankò, w’ap wè ke m’ fenk sòt di’w sispann diskrimine pou nou avanse! E, fè’m konfyans, si nou koupe chenn negatif yo k’ap rale nou fè fon an, m’ panse n’ap ka naje pou’n soti!
Ayiti pou lavi!
Jean “Big” ROBERT
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire
Nous vous remercions de votre temps consacré á écrire ce commentaire!